Nan kontèks doulè ak konfizyon ki anvayi peyi an apre asasina trajik Prezidan Jovenel Moiïse, ansyen komisè gouvèdman an prè tribinal premye enstans pòtoprens Mèt Bed-Ford Claude, adresee on manda ofisyèl ak sitwayen Dimitri vorbe pou li prezante pa douvan pakè.

Dokiman legal lan, ki pote dat 9 jiyè 2021, egzije mesye Dimitri vorbe pou l prezante douvan otorite jidisyè yo nan lendi 12 jjiyè 2021, ak 11è nan maten. Konvokasyon sa a te fèt Nan kad dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse, jan manda an stipilel lan.

Manda Dimitri vorbe

Prezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan pèleren 5, pandan lannuit 6 jiyè pou rive 7 jiyè 2021. Zak sa a ki te poze sou Chèf deta an pandan ke l te an fonksyon pa sèlman endinye moun ki nan antouraj li men tou li kite on gou anmè kou fyèl  nan bouch anpil jèn konsekan anndan kou deyò peyi an. Asasinen on prezidan on peyi an fonksyon pagen pigwo zak sovaj ke zak sila a. Endiferans politik yo te ka toujou diskite, men rive jouk a wete lavi on prezidan on nasyon, son deklasyon gè ak sosyete an an jeneral san distenksyon paske son vyolasyon dirèk ak souvrènte nasyonn an.

Manda an ki adrese ak sitwayen Dimitri vorbe se ton pwen majè ki te moutre ke envestigasyon yo te gon nivo pwofesyonalism ki te respekte san bliye ajoute ke jistis lan, pa tap jwe wòl telespektatè. Fas on nivo aksyon bwavou parèy, kijan ou ka pa salye nivo ewoyik komisè epòk lan, mesye Mèt Bed-Ford Claud? Merit ke Mèt Bed-Ford Claude dwe vini tou swit apre konsiderasyon global enpòtans manda sa a genyen nan kad envestigasyon ki pat pran tan ki te ouvè pou bay peyi an on ide sou zak maspinay san mo, nan lide pou drese on deskripsyon nan wotè on zak sovaj parèy. Manda sa a son tounan majè ki kite nou ak kesyon sa a e ki merite on repons:¨Èske Mèt Bed-Ford Claude te gen eleman palpab ki te bat tanbou la rezon l ki pwal transfòme on nesesite pou envite Dimitri vorbe vin bat bouch nan biwo l?¨

Dosye assina Prezidan Jovenel Moïse lan se pa sèlman on afè politik, men li se yon batay pou verite, jistis, ak respè pou lavi anndan peyi sa a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *